Ou gen dwa pou w nan yon espas piblik oswa POPS pandan lè fonksyone, toutotan w ap suiv règ yo.
Si yon ofisye lapolis mande w pou w kite espas la, ou ka mande ofisye a “Èske m ap fè yon bagay ki mal?” Si yo gen dwa pou lòt moun rete nan espas piblik la oswa nan POPS, ou ka mande, "Poukisa yo mande m pou m ale?" Sepandan, si w pa koute lòd legal yon ofisye lapolis ki mande w pou w kite yon espas piblik oswa yon espas POPS, ou ka gen risk pou yo arete w.
Si w santi dwa w genyen pou w rete nan yon espas piblik oswa POPS te vyole, ou ka kontakte Legal Aid Society's Criminal Defense Practice nan 212-577-3387 pou w jwenn èd.