Wi, w ap gen yon chans eksplike nenpòt rezon legal ki ta pèmèt ou rete Ozetazini.
Si ou pa gen yon defans, oswa ou pa kalifye pou estati imigrasyon, oswa si jij la deside kont ou, lè sa a jij la pral bay yon lòd ki di ou ta dwe "retire" oswa depòte.
Si w pè retounen nan peyi w, ou ka aplike pou azil. Si ou vle aplike pou azil, sonje ke ou dwe ranpli aplikasyon azil ou nan 1 ane apre ou rive Ozetazini. Ou gen pou depoze nan 1 ane menm si ou poko gen yon avoka. Lè w nan tribinal imigrasyon, asire w ke w di jij la ke ou pè pou w retounen nan peyi w menm si w poko gen aplikasyon w lan pare.