Ou ta ka aplike pou yon viza U si:
- ou te viktim sèten krim nan peyi Etazini
- ou te soufri mal akòz krim lan, epi
- ou ede nan envestigasyon oswa pouswit nan aktivite kriminèl sa a.
Èske w ap gen yon estati legal ak yon viza U? Wi.
Èske ou ka jwenn yon pèmi travay ak yon viza U? Wi
Èske w ka aplike pou rezidans pèmanan legal (kat vèt) apre w fin resevwa yon viza U? Wi, ou ka aplike apre 3 zan.